Feeling - Video
PUBLISHED:  Sep 02, 2014
DESCRIPTION:
Music by Yanick Etienne and Dernst Emile II (D'Mile); Lyrics by Alex Villier; Engineering by Dernst Emile II (D'Mile).


FEELING

Anba yon ti pye lorye
yon lapli tap farinen
pandan van tape soufle
ti gout dlo te fofile
sou'w fèy ki fèm frisonen

Mwen paka diw kijan-m santi-m (no ooo)
se'w feeling man pa dwe di-w (non, non)
li boulvèse-m tout lavi-m
m'anvi kache'l pou-m ka jwi-w
li fidèl sèl bon zanmi-m

BRIDGE

Gen jou-m pa wèl mwen kriye
tout lolòj mwen chavire
tout lavi-m dezoryante
kon-w fèy bwa van pot ale
byen lwen solèy pa leve

Yon jou san zatann mwen wè'l
li bèl, li dous tankou myèl
kou premye fwa-m te damou
kò-m cho, kè-m bat kou tanbou
nan mitan dans Yanvalou

Ou tadi se-w kontredans
bèl nègès ka-p bay kadans
lèl pala fon kè-m fremi
koul antre, san-m tresayi
mwen pèdi tèt nan bèl womans

Tout bèl pwomès sou papye
ki fè nanm mwen transfòme
pap janm rive ranplase
feeling ki jwenn sans lavi-m
li kondwi-m sou bon chimen
seli'k konn sekrè renmen

CHORUS

Feeling se sous lavi mwen
Feeling jwenn sans lavi mwen

(li kondwi-m sou bon chimen)
(se de grenn je nan tèt mwen)
(se li'k konn sekrè renmen)
( Feeling jwenn sans la, sans lavi mwen)
(li kondwi-m sou bon chimen)
(ooooh, feeling)
(Se li'k konn sekrè renmen)
(Feeling kondwi mwen sou bon chimen)
(Hey, hey, wo ou wo)
(I feel)
follow us on Twitter      Contact      Privacy Policy      Terms of Service
Copyright © BANDMINE // All Right Reserved
Return to top