IMPRESSION DIVINE ( IMDIV) KRIYE VIKTWA.wmv - Video
PUBLISHED:  Aug 24, 2012
DESCRIPTION:
« Dans cette vie et surtout là ou vous évoluez, ne baissez jamais le bras,don't give up, pa bay vag car la victoire est la:



Viktwa se pou moun
Ki rete fèm nan batay la
Viktwa se pou moun
ki pap abandone kous la
Viktwa se pou moun
Ki rezizte nan gwo van tanpèt

I
Ou pa dwe janm lese-w dekouraje
Lè gwo van vi-n sou wout ou
Ou pa dwe di wap abandone
Lè-w komanse jwenn pwoblem
Pran kouraj ou ak 2 men-w
Mete senti-w nan tay ou
Mande Bondye plan i
Ak taktik pou batay la
Seche tout vye dlo na je-w
Met Jezu nan batay la
nan yon ti tan anko
Wap sezi wè jan-w gen viktwa

II

Ou gen 2, 3 zan, 5 kan, 10 zan
Depi ou nan batay sa-a
n-ape di ou pa bese lebra
kontinye ak batay la
Lè solèy la pral leve
Se lè sa li fè pi nwa
Aprè gwo lapli
Bèl solèy toujou klere
Toutan tèt panko koupe
W-dwe espere met chapo
Nan you ti tan anko
Wap sezi wè jan-w gen viktwa


Paroles et Musique Wismy Sainvil
Merci à Hans Dacosta Saintval
Tous droits réservés Impression Divine Aout 2012
VIKTWA
follow us on Twitter      Contact      Privacy Policy      Terms of Service
Copyright © BANDMINE // All Right Reserved
Return to top