Jah b Feray Viktwa pou pèp la - Video
PUBLISHED:  Oct 08, 2017
DESCRIPTION:
Ref
Viktwa pou pep la se sa yo te vle fèn kwè
Zafè koripsyon sa ap lagen nan plis mizè
Jeune yo fin ale peyi a ap fin kraze
C pa pou sa san zansèt nou yo te koule

Chache nan kek anek pase
Lò potoprens potko bidonvilize
Lò kokorat nan ze potko kale
Sa pat pi bon se vre
Tou piti msonje 86
lajenes te sel esperans
Jounen jodi a m'mande 86
Kote lespwa pase
Sa vreman lèd sa vreman tris
yo kanpe youn kont lot
Sa ki pi pov ak vin pi pov sak pi rich ap vin pi rich
Si lajenes divize egal peyi dezame


Konbien fwan kraze brize
konbien fwan voye ale anyen chanje
Depi ki lè nap vote
Depi ki lè nap manifeste eske sa chanje

Nou bouke tande bel diskou
Bidjè kriminèl sa son klekou
Pep la ap mouri grangou
Palmantè fin rich sou do nou

Pil milyon pou yo manje pwason
Pitit pep la pa ka jwenn moso leducation
Se pa chita kondane koripsyon
Nan mitanw chaje koriptè
Fòk ou  poze yon aksyon

Lajan petro karibe a disparèt
Sa son zak malonèt
Chan bannann disparet
Ala moun yo malonèt
follow us on Twitter      Contact      Privacy Policy      Terms of Service
Copyright © BANDMINE // All Right Reserved
Return to top