JÈN, JEZI LEVE! ANGAJE W POU OU KA VIN SEN (YOUTH, JESUS RISEN! COMMIT YOURSELF TO BE A SAINT) - Video
PUBLISHED:  Mar 30, 2014
DESCRIPTION:
PÂQUES DES JEUNES HAITI 2014
(P. Harold Bernard SDB)

FÒK OU ANGAJE W, POU OU VIN SEN (4).

1.- Nan renmen tankou Li ak nan sèvi frè w
Nan padonnen youn lòt tout sa n fè ki mal
Nan genyen kè sansib pou sa k ap soufri
Nan proteje sila yo ki san defans.

JÈN, JEZI LEVE! ANGAJE W POU W KA VIN SEN (2).

2.- Nan aksepte pote kwa ou toulèjou
Nan travay pou fè volonte Bondye
Nan aksepte soufri pou ede lòt yo
Nan bay lavi ou pou lajistis fleri.

3.- Nan viv tankou Sila k leve byen vivan an
N a klere toupatou tout kote n pase
Nan pran bon angajman pou lapè blayi
Nan kè tout Pitit Bondye ki sou tè a.
follow us on Twitter      Contact      Privacy Policy      Terms of Service
Copyright © BANDMINE // All Right Reserved
Return to top